Matye 12

1Kèk jou apre sa, Jezi t’ap pase nan yon jaden ble. Se te yon jou repo. Disip li yo te grangou. Se konsa yo pran keyi grap ble, yo t’ap manje grenn yo. 2Lè farizyen yo wè sa, yo di l’ konsa: Gade. Disip ou yo ap fè bagay lalwa nou pa pèmèt moun fè gwo jou repo. 3Jezi reponn yo: Eske nou pa li sa David te fè yon jou li te grangou, li menm ak moun pa l’ yo? 4Li antre nan kay Bondye a, li pran pen yo te ofri bay Bondye a, li manje. Dapre lalwa nou an, ni li menm David ni moun ki te avè l’ yo pa t’ gen dwa manje pen sa yo. Se prèt yo sèlman ki gen dwa sa a. 5Osinon, èske nou pa li sa ki ekri nan lalwa Moyiz la: Jou repo, prèt yo ki desèvis nan tanp lan pa respekte lalwa repo a, men yo pa koupab pou sa? 6Enben, m’ap di nou sa: Isit la, gen yon bagay ki pi konsekan pase tanp lan. 7Si nou te konnen sans pawòl sa yo ki nan Liv la: Mwen vle pou nou gen kè sansib, mwen pa bezwen ofrann bèt n’ap fè pou mwen yo, nou pa ta kondannen moun ki inonsan. 8Paske, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, se mèt jou repo a mwen ye. 9Jezi kite kote l’ te ye a, li antre nan yonn nan sinagòg yo. 10Te gen yon nonm ki te gen yon men pòk nan asanble a. Moun ki te la yo t’ap chache okasyon pou yo te ka di Jezi fè bagay ki mal. Se konsa yo mande l’: Eske lalwa nou an pèmèt yo geri moun jou repo? 11Jezi reponn yo: Si yonn nan nou gen yon sèl mouton, si mouton sa a tonbe nan yon twou byen fon yon jou repo, èske li p’ap rale l’ mete deyò? 12Bon. Eske yon moun pa vo pi plis pase yon mouton? Konsa nou wè, lalwa nou an pèmèt nou fè byen pou yon moun jou repo. 13Lè sa a, li di nonm lan: Lonje men ou. Nonm lan lonje men li. Latou, men an vin byen tankou lòt la. 14Farizyen yo soti nan sinagòg la, y al mete tèt yo ansanm pou wè ki jan pou yo fè touye Jezi. 15Men, lè Jezi vin konn sa, li kite kote l’ te ye a. Yon gwo foul moun t’ap mache deyè li. Li geri tout moun malad yo. 16Men, li te pale sevè ak yo pou yo pa t’ di ki moun li te ye. 17Tou sa pase konsa, pou pawòl pwofèt Ezayi te di a te ka rive vre: 18Bondye pale, li di konsa: Men sèvitè m’ lan, se mwen menm ki chwazi li. Men moun mwen renmen anpil la. Li fè kè m’ kontan anpil. m’a mete Lespri m’ sou li, la fè tout nasyon yo konnen jijman mwen. 19Li p’ap diskite ak pèsonn, li p’ap rele sou pèsonn. Yo p’ap janm tande l’ fè diskou nan lari. 20Li p’ap fin kase pye wozo ki panche a. Li p’ap tenyen lanp ki prèt pou mouri a. L’ap fè sa konsa, jouk tan li va fè jistis Bondye a kanpe nèt. 21Lè sa a, tout nasyon yo va mete espwa yo nan li. 22Apre sa, yo mennen yon nonm bay Jezi. Nonm lan pa t’ ka wè, li pa t’ ka pale, paske li te gen yon move lespri sou li. Jezi geri nonm lan. Lamenm, nonm lan pale, li wè. 23Foul moun yo te sezi anpil. Yo t’ap di: Nou pa kwè se pitit David la sa? 24Lè farizyen yo tande sa, yo di: Si nou wè nonm sa a ap chase move lespri, se paske Bèlzeboul, chèf move lespri yo, ba l’ pouvwa pou sa. 25Men, Jezi te konnen sa ki te nan tèt yo, li di yo: Yon peyi ki gen divizyon ladan l’, pou moun yo ap goumen yonn ak lòt, peyi sa a la pou l’ disparèt. Si gen divizyon nan yon lavil osinon nan yon fanmi, pou moun yo ap fè lagè yonn ak lòt, ni lavil sa a, ni fanmi sa a pa la pou lontan. 26Si Satan ap chase moun ki pou li yo, Satan ap goumen ak pwòp tèt li. Pouvwa Satan an pa la pou lontan. 27Si se Bèlzeboul ki ban m’ pouvwa pou chase move lespri, patizan nou yo, ak ki pouvwa yo menm yo chase move lespri? Se poutèt sa, se yo menm menm k’ap ban nou tò. 28Men, si se avek Lespri Bondye m’ap chase move lespri yo, sa vle di pouvwa Gouvènman Bondye ki wa a gen tan rive sou nou. 29Pesonn pa ka antre lakay yon nonm vanyan pou vòlò byen l’ yo, si li pa mare nonm vanyan an anvan. Lè li fin mare l’, se atò la kapab piye kay la. 30Moun ki pa avèk mwen, se kont mwen yo ye. Moun ki p’ap ede m’ ranmase, se gaye y’ap gaye. 31Se poutèt sa, m’ap di nou: Bondye va padonnen moun tout peche yo va fè, tout move pawòl ki va soti nan bouch yo. Men, kanta moun ki va pale mal sou Sentespri a, pa gen padon pou yo. 32Moun ki pale mal sou Moun Bondye voye nan lachè a, y’a padonnen l’. Men, moun ki pale mal sou Sentespri a, li p’ap jwenn padon ni koulye a, ni nan tan k’ap vini apre sa a. 33Si pyebwa a bon, l’ap bay bon donn. Si pyebwa a pa bon, li p’ap bay bon donn. Yo rekonèt kalite yon pyebwa sou donn li bay. 34Bann vèmen! nou twò mechan. Bon pawòl pa ka soti nan bouch nou. Sa ki nan kè yon moun, se sa ki soti nan bouch li. 35Yon nonm ki bon, se bon bagay ase li ka rale soti nan tou sa li genyen ki bon yo. Konsa tou, yon nonm ki mechan, se move bagay ase li ka rale soti nan tou sa li genyen ki move yo. 36M’ap di nou sa: Jou jijman an, moun gen pou rann kont pou tout pawòl yo di yo pa t’ bezwen di. 37Paske, se dapre pawòl ou y’a jije ou: Se pawòl ou k’ap di si ou inonsan, osinon si ou koupab. 38Lè sa a, kèk dirèktè lalwa ansanm ak kèk farizyen pran lapawòl. Yo di Jezi: Mèt, nou ta renmen wè ou fè yon mirak pou moutre se Bondye ki ba ou pouvwa sa a. 39Jezi reponn yo: Moun alèkile yo, atout yo mechan, atout yo vire do bay Bondye, men y’ap mande mirak! Men, yo p’ap jwenn lòt mirak pase mirak pwofèt Jonas la. 40Menm jan Jonas te pase twa jou twa nwit nan vant gwo pwason an, konsa tou Moun Bondye voye nan lachè a gen pou pase twa jou twa nwit anba tè. 41Jou jijman an, moun lavil Neniv yo va leve kanpe, y’a fè kondannen moun alèkile yo. Paske yo menm, yo te tounen vin jwenn Bondye lè Jonas te fè yo konnen mesaj li a. Men, isit la gen bagay ki pi konsekan pase Jonas. 42Jou jijman an, larenn peyi ki nan sid la va leve kanpe, la fè yo kondannen moun alèkile yo. Paske, li te soti byen lwen, jouk nan dènye bout latè, pou l’ te vin tande bèl pawòl bon konprann Salomon yo. Men, isit la gen bagay ki pi konsekan pase Salomon. 43Lè yon move lespri soti sou yon moun, li al pwonmennen toupatou nan savann yo, l’ap chache yon kote pou l’ pran repo. Men, li pa jwenn. 44Lè sa a, li di nan kè l’: M’ap tounen lakay mwen, kote m’ soti a. Lè l’ rive, li jwenn nonm lan tankou yon kay ki vid, men byen bale, byen ranje. 45Lè konsa, li ale, li pran sèt lòt lespri ki pi move pase l’, lespri yo vin ansanm avè l’, yo antre nan kay la, yo rete. Lè sa a, kondisyon moun lan vin pi mal pase jan l’ te ye anvan an. Enben, se sa ki pral rive move moun k’ap viv alèkile yo. 46Jezi t’ap pale ak foul moun yo toujou lè manman l’ ak frè l’ yo vin rive. Yo rete deyò, yo t’ap chache yon jan pou yo te pale avè l’. 47Se konsa yon moun di Jezi: Men manman ou ak frè ou yo deyò a. Yo ta renmen pale avè ou. 48Men Jezi reponn moun ki te di l’ sa a: Kilès ki manman m’? Kilès ki frè m’? 49Lè sa a, li lonje men l’ sou disip li yo, li di: Gade non: men manman m’ ak frè m’ yo. 50Tout moun ki fè sa Papa m’ ki nan syèl la mande pou yo fè, se moun sa yo ki frè m’, ki sè m’, ki manman m’.

will be added

X\